crossorigin="anonymous">
 

11 septanm: atak teworis kont Etazini an gen 20 lane

11 septanm 2001, de (2) avyon komèsyal yo te detounen te al kraze nan de (2) batiman World Trade Center la nan New York epi lakoz 3 000 moun pèdi lavi yo. Menm jou a, yon twazyèm avyon al kraze nan Pentagone nan ki se syèj depatman ameriken Defans lan epi yon katriyèm avyon ki te sou kontwòl teworis yo te tonbe Pennsylvanie. Dènye avyon sa a, ta sanble se Maison Blanche lan oswa Kongrè a yo te vize ak li, men li kraze nan wout.


Avyon sa yo se te kat Boeing ( de 757 ak de 767, de pou konpayi United Airlines ak de pou American Airlines) ki te dekole nan twa ayopò ( Boston, Newark ak Washington).


Malerezman yo pa janm rive a destinasyon. Antou, nan kat avyon yo te genyen 33 manm ekipaj, 212 pasaje. Nan espas 77 minit tout moun sa yo mouri, mete sou sa ki mouri nan divès batiman ki te kraze yo. Gen yon total 2 996 moun ki te mouri san konte 19 teworis Al-Qaïda yo.


An reyaksyon ak dram sa a, nan dat 7 oktòb 2001, yon kowalisyon ki gen ladan l’ sòlda britanik ak sòlda ameriken deside atake Taliban yo ki te sou pouvwa nan peyi Afganistan poutèt yo ta founi abri ak resous a Oussama Ben Laden ki te sèvo atanta 11 septanm yo e ki avan sa te òdone pou pi piti twa (3) atanta kont ameriken yo an 1998 (2) epi an 2000 (1). Atak kont Taliban yo pral debouche sou yon misyon ki pral fini nan dat 31 out pase a.


Kowalisyon an pat kontante l’ anvayi Afganistan. Yo te atake Irak tou ki te gen nan tèt li nan epòk sa a Saddam Hussein. Pou yo te atake Irak, ameriken yo te chita sou yon lide ki fè kwè dirijan irakyen yo ap devlope sa yo rele zam « de destruction massive ».


Malgre yon misyon Nazyonzini te al verifye e demanti sa, malgre opozisyon kèk alye ameriken tankou Almay, ameriken yo te mennen atak la kanmenm. Yo te sèlman anonse Nasyonzini yap atake Irak men lè sa a bonbadman yo te gentan kòmanse.


Selon kèk ekspè, veritab motif ki te dèyè atak kont Irak la se ta poutèt rejim irakyen an te nan konfyolo ak Al-Qaïda.


Al-Qaïda sou bò pa l pat rete inaktif devan atak ameriken ak alye li yo. Yo te miltipliye atanta. Nan tout atanta yo te fè yo gen de (2) ki te dirije kont alye yo. Premye a te fèt nan vil Madrid nan dat 11 mas 2004. 193 moun te mouri plis 2 000 lòt te blese. Dezyèm nan te fèt nan vil Londres. Bilan : 56 mò ak 700 blese.


Envazyon Afganistan an te abouti ak lanmò Ben-Laden nan dat 2 me 2011. Anplis, ameriken yo te arete plizyè santèn moun ki te nan prizon Guantanamo a. Sou prezidans Obama a, anpil jefò te fèt pou te rive fèmen prizon sa a se sa ki fè jodi a gen sèlman 39 prizonye ladan l.


20 lane aprè, evènman sa a make listwa limanite e pèsòn pa prè pou yo bliye atanta ki touye plis moun nan mond lan te rive nan peyi ki se pi gwo pwisans militè a.

0 comments