18 NOV 1803 : JOUNEN NASYONAL BATAY VÈTYÈ

Batay vètyè se te dènye batay ki te opoze lame endijèn nan ak lame fransè a ki tap dirije pa jeneral Rochambeau anvwaye pa Napoléon Bonaparte.
Batay sa te mennen pa twoup Jean-Jacques Dessalines nan ak 9e brigad ki tap kòmande pa François Capois kont fransè yo nan vètyè tou prè kap fransè ki trouve l nan nò Saint Domingue.
CAPOIS-LA-MORT reziste malgre li tap pèdi òm e cheval li a touche pa yon boulèt kanon CAPOIS-LA-MORT leve li repran epel ak tèt twoup li a pandan lap kriye byen fò annavan, annavan, annavan. Rochambeau Kanpe batay la pou l voye yon mesaj pèsonèl pou CAPOIS-LA-MORT li te felisite fòs ak kouraj CAPOIS-LA-MORT.
Dessalines te voye ranfò sou lòd jeneral Gabart, Clervaux e Jean Philippe Daut, nan aprè midi Gabart pran pozisyon sou bit Charrier avèk Benjamin Noel. Lannwit vin mete pye ⅔ defansè fransè yo mouri ak blese.
Nan demen maten yon ofisye fransè vin nan sentinèl capois e yo mennenl nan katye jeneral lame Ayisyèn nan sou yon cheval avèk Yon mesaj :" jeneral Rochambeau bay cheval sa kòm mak admirasyon Pou ranplase Achille nwa ke fransè yo regrèt yo te tiye a".
Yon akò te vin siyèn Rochambeau te gen 10 jou poul kite saint Domingue ak tout rès lame fransè.
DI NOU KISA OU PANSE SOU BATAY VÈTYÈ A ?