crossorigin="anonymous">
top of page

20 SEPT 1758 : 263ÈME FÈT JEAN-JACQUES DESSALINES

DESSALINES te fèt nan abitasyon vye Kay, HENRI DUCLOS se te mèt abitasyon sila nan gran rivyè dinò.


Orijinè afriken, li fèt esklav sou non JEAN- JACQUES DUCLOS.Li te leve nan men matant li Victoria Montou (toya) ki se te meyè zanmi l e konseye l, li te montre l Kòman Pou l goumen, li te atache l ak matant li anpil paske se te sèl manb nan fanmi l ki te vivan aprè 2 frè li yo.


Nan revolisyon fransè a li te fè pati ofisye fransè yo ki t ap konbat kont espay ak britanik yo.


Nan revolisyon Ayisyèn nan li te lyetnan jeneral, sou kòmandman TOUSSAINT LOUVERTURE kont fransè yo.


Dessalines te mennen revolisyon 1802 a ak batay vètyè an 1803 ,ki ta pral mennen Ayiti a endepandans nan lane 1804.

 


0 comments
bottom of page