22 SEPT 1957 : FRANÇOIS DUVALIER PRETE SÈMAN KÒM PREZIDAN DAYITI
Sa gen 64 depi François Duvalier te vin Prezidan dayiti , evènman sa ta pral fè dat 22 septanm lan vin enpòtan nan listwa ayisyèn nan.
Ansyen Doktè nan lopital Pòtoprens lan, te mete rapidman Yon diktati ekstrèm nan peyi a.
Rejim Duvalier a te antre peyi a nan anpil soufrans ak krim ki te boulvèse lavi abitan Ayiti yo.
Zak Sa yo te dire jiskaske l mouri nan lane 1971, Jean-Claude Duvalier (pitit diktatè a) te vin pran Plas li a men aprè kèk tan te vin gen yon revòl popilè ki ta pral mennen Jean-Claude Duvalier an egzil.
Mouvman popilè Sila te mete fen ak diktati sou rejim Duvalier a ki te dire plis pase 30 lane nan peyi dayiti.