
26 OCT 1820 : JEAN PIERRE BOYER METE FEN AK SEPARASYON PEYI A

Nap raplew ke aprè lanmò Dessalines peyi a te vin divize akoz Petion ak Christophe pat arive antann yo Pou dirije peyi a yo chak te chwazi dirije Pati pa yo.
Aprè lanmò Prezidan Alexandre Petion, Jean-Pierre Boyer te monte kòm Prezidan ki te tou profite de deblozay ki te fèt nan nò a kote Henri Christophe te tiye tèt li.
Jean-Pierre Boyer te tou profite de sitiyasyon sila pou l anvayi nò peyi a ak yon lame, li te fè peyi a vin fè Yon sèl nan dat kite 26 oktòb 1820. Konsa Jean-Pierre Boyer te tiye tout general ki te konplote kont Christophe yo e li vin Prezidan peyi dayiti.
Kòman nou panse pati nò peyi a tap ye Nan moman sa si Boyer pat fè yo fè yon sèl???