crossorigin="anonymous">
 

5 gwo katastwòf natirèl ki te frape Ayiti avan tranblemanntè 14 out 2021 an

Samdi 14 out la, yon tranblemanntè frape depatman Grandans, Nip ak Sid. Bilan an, jiska moman nap redije atik sa a, pa sispann ogmante. Lè n' konsidere kantite moun ki mouri yo (1 200, selon yon bilan pwovizwa Direksyon Pwoteksyon Sivil pibliye) se youn pami divès lòt katastwòf ki frape peyi a deja. Si nou ta pran enimere kantite katastwòf natirèl peyi a sibi lis la tap long.


Katastwòf natirèl yo tèlman rive souvan bò isit se sa k' fè nan yon rapò li pibliye nan dat 13 oktòb 2016, Nasyonzini klase Ayiti kòm peyi ki konnen plis katastwòf natirèl.


Tranblemanntè, inondasyon, glisman tèren deja mete dlo nan je plizyè santèn milye fanmi.


Nou envite w dekouvri senk (5) pami katastwòf natirèl peyi a te konnen avan tranblemanntè samdi 14 out la e ki te lakòz anpil moun pèdi lavi yo san konte gwo dega materyèl.


5- Tranblemanntè 7 me 1842


Samdi 7 me 1842, yon gwo tranblemanntè frape peyi a. Pou moun Okap fè referans a katastwòf sa a yo souvan sèvi ak ekspresyon "evènman an". Sa montre karaktè patikilye dezas sa a : nan istwa vil la se pi gwo katastwòf natirèl yo anrejistre.


Tranblemanntè sa a frape plizyè vil tankou Pòtoprens Senmak Gonayiv Mòl Sen Nikola Pòdepè ak Fò Libète men vil ki te konnen plis dega se vil Okap.


Vil Okap te detwi nèt. Nan epòk sa a, popilasyon vil la te evalye a 10 000 abitan. Mwatye ladan yo te peri nan sekous yo ki te dire prèske 6 minit.


Popilasyon an te lage de (2) bra balance. Mete sou sa, malveyan te dechèpiye reskape yo, fouye mò yo epi piye kay yo.


Youn nan gwo pèsonalite ki te pèdi lavi l' nan katastwòf sa a se te premye fabilis nan listwa literati ayisyèn nan, nou vle pale de Jules Soline Milscent.


4- Siklòn Hazel (1954)


Hazel se pi gwo siklòn nan sezon siklonik 1954 la e se youn pami sa ki fè plis dega pandan ventyèm syèk la.


Hazel te touche Ayiti nan dat 11 oktòb 1954. Li te vini ak van ki te atenn jiska 240 km/h. Li te lakoz lanmò 1000 Moun nan peyi a, mete sou sa, li te kraze plizyè vil epi detwi anpil jaden.


Hazel pat sèlman fè dega an Ayiti, li te frape plizyè lòt peyi nan Antiy yo. Dega yo tèlman te anpil yo deside pou okenn lòt siklòn pa pote non sa a ankò.


3- Siklòn Flora (1963)


Siklòn Flora frape Ayiti nan dat 3 oktòb 1963. Van yo te soufle a 322 km/h. Gwo inondasyon yo te detwi anpil vil e yo te anrejistre anpil glisman tèren nan zòn ki sou mòn yo.


Selon yon pòt pawòl OMS nan epòk la, katastwòf sa a te touye 5 000 moun nan peyi a.


2- Siklòn Gordon (1994)


Oktòb 1994, kèk jou avan retou Jean Bertrand Aristide, siklòn Gordon travèse Ayiti. An reyalite Gordon se te yon tanpèt twopikal ki te tounen siklòn pandan yon ti kras tan.


Patikilarite siklòn sa a se difikilte li te bay espesyalis yo pou yo te prevwa ki direksyon lap pran.


Aprè pasaj Gordon, yo te anrejistre 2000 moun ki te mouri oswa disparèt nan peyi a.


1- Tranblemanntè 12 janvye 2010


12 janvye 2010, bò 4:53 nan aprèmidi, Ayiti anrejistre pi gwo katastwòf nan istwa l'. Pandan 35 segond, yon tranblemanntè ak yon mayitid 7,3 touye prèske 300 000 moun, san konte sa yo ki blese oswa ki pèdi kay yo.


Nan listwa limanite, se senkyèm pi gwo katastwòf yo anrejistre.

 

0 comments