"8 Polisye ki te blese nan operasyon "Village-de-Dieu" yo pa mouri", daprè Jounalis Valéry Numa
Updated: Apr 5, 2021
"Okenn pami 8 Polisye ki t al pran swen nan Lopital Bernard Mevs aprè operasyon Vilaj de Dye yè vandredi 12 mas 2021 an pa mouri. Okontrè, gen 4 ki egzeyate (yo rantre lakay yo jodi samdi 13 mas 2021 an). Genyen 4 lòt ki toujou nan swen entansif, e y ap evolye pozitivman", se sa jounalis 'Radio Vision2000' lan Valéry Numa fè konnen nan yon piblikasyon sou 'Page Facebook' li fè jounen samdi 13 mas 2021 an.
N ap raple Lopital Bernard Mevs te resevwa 8 pami Polisye ki viktim nan operasyon Vilaj de Dye jou vandredi 12 mas 2021 an. Pami 8 ka sa yo, gen 3 ki te trè grav, ki te ale nan sal operasyon. Espesyalis medikal nan Lopital la te mobilize pou bon jan suivi fèt sou tout 8 ka yo. Polisye sa yo nan inite #SwatTeam, #BIM ak #PolisAdministratif.
Jacky Médé Fontaine
TANBOU VERITE