crossorigin="anonymous">
top of page

Ankèt sou asasina Jovenel Moïse: plizyè sèktè mete an dout kredibilite jij Mathieu Chanlatte

Aprè plizyè jij pa't vle pran responsablite pou mennen ankèt sou asasina 58e prezidan peyi Dayiti a Jovenel Moïse, dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens la, mèt Bernard-St Vil dezinye jij enstriktè Mathieu Chanlatte pou mennen ankèt sila a. Yon chwa ki lakoz anpil pawòl anpil, kòmkwa yo remete andout kredibilite Jij la.


Pou Pierre ESPERANCE responsab ( RNDH) jij Mathieu Chanlatte se youn nan jij ki pi lan nan sistèm jistis la. Defansè dwa moun nan swete jij la pa al fè pèsekisyon politik nan dosye sa.


Yon lot bò, Fondasyon Je Klere gen enkyetid pa li tou sou Jij Chanlatte. Pou fondasyon an, jij Mathieu Chanlatte repite pwòch PHTK, kidonk li p'ap gen ase kredibilite pou dosye sila.


Menm jan ak anpil lòt pèsonalite nan peyi a, fondasyon an krenn nan dosye enstriksyon asasina Jovenel Moïse la nan jou k'ap vini yo pa gen anpil pèsekisyon politik.


N'ap raple jij enstriktè Mathieu Chanlatte nan ane 2020 se te li menm ki t'ap mennen dosye kat dèmalòg la, ak dosye kite mete responsab konpayi SOGENER yo ak leta ayisyen fas pou fas.


DANIO DANIEL TANBOU VERITE

daniodaniel063@gmail.com

 

0 comments
bottom of page