Anplwaye koudèkont yo ap mande liberasyon 2 anplwaye ke yo te kidnape madi a
Mèkredi 21 Avril la, anplwaye Lakou dèkont pran lari pou pwoteste kont zak kidnaping 2 anplwaye yo sibi, aksyon sila a fèt jou ki te madi 20 avril la sou wout matisan an.
Dapre kèk pwotestatè ki te temwen zak sila a, bandi yo te desann nan lari ayè madi a nan lapremidi ak gwo zam lou, se yo ki te fè sikilasyon, se yo ki deside kiyès ki ap antre lakay yo, e kiyès ki ap antre avèk yo gran ravin, malerezman, 2 anplwaye Lakou Dèkont fè pati de moun yo pran yo.
Manifestan yo mande leta pou l patisipe nan liberasyon moun yo paske se anplwaye l yo ye, yo mande liberasyon san kondisyon pou 2 anplwaye sa yo ki se yon verifikatè ki rele Normalis Paul ak yon menajè ki rele Mimose Benoît.
An menm tan, yo kidnape tou madanm verifikatè a ak yon pitit li. Madanm nan rele Leonne Sterling Paul, pitit la rele Jean Yves Paul.