Antigua:gouvènman an pral peye popilasyon an pou li vaksinen
Gouvènman Antigua ak Barbuda a angaje yon patenarya ak yon konpayi lokal nan yon kanpay pou vaksinen sitwayen yo yon fason pou yo ka kwape pwopagasyon COVID-19 la.
Ministè Sante, Byennèt, ak Anviwònman an declare li asosye ak Epicurean Fine Foods and Pharmacy nan yon kanpay ki rele "One World Protected" ki vize ofri yon bon alimantè 50 dola EC (anviwon 20 dola ameriken) a chak moun kap gen pou resevwa premye dòz vaksen COVID-19 la.
Nan wikenn pase a, Premye Minis Gaston Browne te pale sou posiblite pou aplike yon pwogram vaksinasyon obligatwa nan peyi a pandan li te kritike an menm tan moun ki tap ankouraje lòt moun pou yo pa patisipe nan pwogram vaksinasyon nasyonal la.
Gaston Browne te declare "Se pa yon menas". Pi lwen li fè remake pandemi an gen yon gwo enpak sou devlopman sosyo-ekonomik nan zile a depi premye ka a te dyagnostike nan mwa mas pase a.
Nan deklarasyon li yo, ministè a te di bon an pa ka revann oswa chanjman epi yo dwe itilize l’ nan yon sèl tranzaksyon.
Minis Sante, Byennèt ak Anviwonman an, Sir Molwyn Joseph pa kache kontantman l’ akoz Epicurean Fine Foods and Pharmacy te manifeste volonte pou sipòte jefò gouvènman an.
Luckson Valcourt
valcourtlucks@gmail.com