crossorigin="anonymous">
top of page

Asasina Jovenel Moïse : Ernst Lafortune, grefye jij denstriksyon Mathieu Chanlatte, mouri

Ernst Lafortune, grefye jij denstriksyon Mathieu Chanlatte, mouri nan sware 11 out la pandan li tap antre lakay li kafou.  Pou kounya poko gen okenn enfomasyon ofisyèl sou sikonstans lanmò grefye a. Men selon kèk enfomasyon ki rive jwenn nou, Ernts Lafortune te asmatik, li te fè yon kriz asm Matisan, aprè lapolis, nan Konfwontasyon li te gen ak bandi, te fin lage anpil gaz lakrimojèn. Malerezman grefye a pat mache ak Ponp li.  Yon lòt bò asosyasyon nasyonal grefye yo, wè nan lanmò grefye a yon zak sasinay. Nan sans sa a, ANAG mande komisè Gouvènman, Claude Bed-Ford, pou louvri yon ankèt Pou kapab fè limyè sou sikonstans lanmò grefye Lafortune. Grefye Lafortune te afekte nan grèf tribinal premyè enstans pòtoprens, patikilyèman nan kabinè jij Mathieu CHANLATTE, ki fenk deziye pou mennen ankèt sou zak sasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse la.

0 comments
bottom of page