Asasina Jovenel Moïse : repiblik dominikèn fèmen fwontyè li yo
An reyaksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moïse, Repiblik vwazin nan pran dispozisyon pou fèmen tout fwontyè li yo epi mobilize lame li a.

Daprè sa jounal dominiken Listin diario rapòte, aprè li te fin aprann nouvèl asasina omològ li a, Prezidan dominiken an, Luis Abinader, te konvoke san pèdi tan komandan militè peyi li epi pase yo lòd pou fèmen fwontyè yo. Li pase lòd tou pou yo ranfòse prese prese siveyans militè sou fwontyè a.
Jodi 7 jiyè 2021 an, bò zòn 1è nan maten, yon komando asasine Prezidan Jovenel Moïse lakay li pèleren 5, daprè yon not premye minis ai a, Claude Joseph te pibliye. Premye dam nan blese grav men li pa mouri. L'ap pran swen ki apwopriye ak ka li a.