BINUH mande otorite leta yo pou yo diminye kantite moun ki nan detansyon pwolonje yo
Nan mesaj li pibliye sou Twitè, Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) pa kache enkyetid li fas ak kantite moun ki nan detansyon pwolonje.
Nan espas 10 mwa selman, kantite moun ki nan detansyon pwolonje yo ogmante de 76% a 85%. BINUH mande otorite leta pou yo aji san pedi tan sou sitiyasyon sa.
Men sa BINUH te ekri nan premye twit li a: " Pousantaj moun ki nan detansyon prevantif nan prizon an Ayiti ogmante de 76% a 85% ant jen 2020 ak mas 2021. BINUH mande otorite konpetan yo pou rezoud sitiyasyon sa a ki se yon tretman inimen epi degradan pou moun."
Pi devan nan yon lot twit, Biwo a fè konnen "detansyon prevantif pwolonje nan prizon ayisyen yo menase fondman, baz Etadedwa a.
Nan sans sa a li avèti otorite konsène yo e ankouraje yo pou yo fè tout sa ki posib pou diminye kantite moun nan prizon pandan yap respekte dwa moun yo.