crossorigin="anonymous">
top of page

Daprè FAO, grangou riske touye anviwon 1 milyon moun aprè pasaj tranblemann tè 14 out la

Òganizasyon mondyal Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti (FAO) deklare, nan yon dokiman li pibliye, grangou sou wout poul touye 980 mil sinistre yo konsa ant septanm ak Fevriye 2022. 


"980 mil sinistre yo konsa, ta sipoze twouve yo nan sitiyasyon ensekirite alimantè sevè soti septanm pou rive fevriye 2022."


Nan sans sa, FAO lanse yon apèl pou yon nouvo soutyen de 20 milion dola pou kapab pwoteje epi restore mwayen sibzistans pou 32 mil menaj vilnerab ( 160 mil moun) ki twouve yo  nan zòn ki pi rekile yo ki non selman viktim tranblemann tè 14 out la, men tou ki te viktim tanpèt Grace la. 


Mete sou sa, FAO di lap gen bezwen tou fon pou remete an eta enfrastrikti agrikòl nan kominote sila yo. Reprezantan FAO an Ayiti a di li enpasyan pou li envesti nan redemaraj pwodiksyon agrikol la men de pyel mare lakoz pa gen ase lajan pou travay sila. 

0 comments
bottom of page