DASH deside ede pitit polisye ki te mouri Village de Dieu yo
Updated: Apr 4, 2021
Nan yon lèt li adrese a direktè jeneral Lapolis, Léon Charles, DASH (Développement des Activités la Santé en Haïti) deside ede pitit 4 polisye ki te mouri anndan Village de Dieu vandredi 12 mas 2021.
Nan lèt sa ki ekri depi 16 mas 2021 an, responsab DASH, doktè Ronald Victor Laroche, deside pran an chaj tout swen sante pitit polisye sa yo jiskaske yo gen 18 lane.
DASH fonde an 1985, li se pi gwo rezo swen sante ki gen an Ayiti. Yo genyen nan peyi a 20 sant medikal, 7 lopital, ki travay 7/7 e 24/24.