crossorigin="anonymous">
top of page

Dechoukay: yo piye mache titony


Depi kèk tan ensekirite ap taye banda nan plizye zòn nan kapital la kou nan pwovens.  Jodi 18 jen an, nan moman  anpil tansyon, kout zam tap chante nan station Gonayiv, popilasyon an te rive piye antrepriz "mache ti Tony."


Plizye videyo kap sikile sou rezo sosyo yo, montre kijan popilasyon an tap soti ak pwovizyon alimantè anndan antrepriz mache titony.


Anpil moun ba delma kouri kite kay yo jodi a lakoz gwo tansyon ki te genyen nan zòn nan. Apre lanmò ajan simo a, Limage Gasley, la polis te reaji nan afronte solda Barbecue yo. Anpil kout zam ap tire, sitiyasyon sa lazok plizye moun kouri kite kay yo. 

0 comments
bottom of page