Direktè Natcom Sen Mak la fè CLAC sen mak kado yon lane entènèt gratis

RAPHAEL Parnel Direktè Natcom pou Sen Mak la nan kad yon seremoni ayè dimanch 20 Jen 2021 an remèt yon resi ki di CLAC Sen-Mak benefisye yon lane entènèt gratis, ak wo debi ak yon telefòn pou sèvis sant Lekti ak animasyon kiltirel Sen-Mak la ( CLAC )
Sete okazyon pou Direktè NATCOM pou Sen-mak la RAPHAEL Parnel pwofite okazyon an, pou mande tout moun kap gen pou vin fè lekti nan CLAC la pou yo byen itilize entènèt la nan fè rechech san itilizel pou fe lòt bagay, pi lwen li soulinye se pa konpayi NATCOM ki ofri yon lane entènèt ak CLAC la men se li menm pèsonelman.
Nan lide pou ede jèn yo pandan yap fè lekti men tou yo ka fe rechèch san pwoblem, nou dwe soulinye tou CLAC Sen-Mak depi yon bon tan tap soufri koz entènèt ak divès lòt pwoblem ankò tankou kouran, e menm pwoblem liv.
Responsab yo mwa pase ak plizyè jèn te mache nan vil la deja pou mande ede yo jwenn liv pou CLAC Sen-Mak.
DANIEL DANIO
TANBOU VERITE
daniodanil.com