Dosye Jovenel Moïse : OPC kontinye mande yon ankèt nasyonal
Nan yon not li sòti jodi jedi 23 septanm nan, OPC pa kache enkyetid li kanta aboutisman ankèt sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la. Enstitisyon an, nan not sila, montre plizyè rezon ki jistifye enkyetid li yo epi mande pou Kominote entenasyonal la mete sou pye yon komisyon pou yon ankèt entènasyonal.
Pami tout sa li relve ki anpeche ankèt la abouti, Pwotektè sitwayen an, Renan Hedouville, endekse premye minis la, Ariel Henry, li di ki poukont li se yon " Obstak majè" pou aboutisman ankèt la.
Pou kore sal di a, OPC retounen sou revelasyon ki te fè kwè premye minis lan te pale ak youn nan prezime asasen Prezidan Jovenel yo, Joseph Felix Badio, kèk èd tan aprè yo te fin asasine Prezidan an.
Yon lòt bò, enstitisyon an raple enpinite kap taye banda nan sistèm jidisyè ayisyen an ak enkapasite jistis la pou li konbat fenomen sila. Li pran pou egzanp plizyè lot ka anvan Jovenel Moïse ki, plizyè lane aprè, toujou rete enpini.
Fas ak sitiyasyon sa, OPC "kwè se yon fòk pou gen yon ankèt entènasyonal", yon fason pou trase yon egzanp epi rann jistis ak fanmi viktim nan epi pèp ayisyen an kap mande eksplikasyon.
OPC kontinye mande Nasyonzini pou li mete sou pye yon komisyon pou yon ankèt entènasyonal, yon fason pou ede jij Garry Orelien ki an chaj dosye sila.