crossorigin="anonymous">
top of page

Dram Vilaj de Dye: RNDDH mande pou sanksyone DG lapolis la, Léon Charles ak enspektè Boucher

Updated: Apr 6, 2021

Nan nòt pou laprès, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun akize Direktè Jeneral lapolis la, Léon CHARLES ak Enspektè Jeneral Carl Henry BOUCHER kom de prensipal responsab zak kriminel ki te fet sou polisye yo nan vilaj de dye. Dapre Oganizasyon kap defann dwa moun nan, de otorite sa yo planifye ak kowòdone misyon swisid ki lakoz lanmo senk polisye sou plas ak yon lot sou kabann lopital. RNDDH mande sanksyon imedyat kont yo. Daprè nòt sa a, depi lè Léon CHARLES te retounen nan tèt PNH la, omwen nèf (9) operasyon lapolis te fèt nan katye defavorize yo. Trèz (13) moun te mouri pandan operasyon sa yo, ladan yo sis (6) ofisye polis; Nèf (9) lòt moun ki gen ladan uit (8) ofisye lapolis te blese pa bal; senkant-sis (56) moun yo te arete. Sepandan, pa gen okenn lidè gang nan mitan moun yo arete yo. Pou RNDDH, tout bagay sa yo te rive paske bandi yo pi byen ekipe pase ofisye polis yo, ajoute nan sa a, chèf gang ame yo toujou gen tout enfòmasyon sou operasyon yo, sa kiba yo tan yo sove, lontan anvan polis la rive. RNDDH kalifye operasyon 12 Mas kòm yon misyon masak ki abouti ak asasina Stanley EUGENE, Ariel POULARD, Georges RENOIT, Georges Vivender ALEXIS, Wislet DESILUS ak Lucdor PIERRE. "Epi, se paske enspektè Jeneral Carl Henry Boucher te mal kowòdone operasyon an ki fe polisye yo mouri. Yo pat voye okenn ranfò bay ofisye polis yo ki te bloke nan Vilaj de Dieu." Daprè RNDDH, otorite lapolis yo te ka evite dram sa

0 comments
bottom of page