crossorigin="anonymous">
top of page

Egzamen Leta : MENFP pibliye rezilta bakaloreya pou 4 depatman

Ayiti. Edikasyon. Rezilta bakaloreya pou lane akademik 2020-2021 disponib anliy pou kat (4) depatman. Se sa Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen jodi lendi 13 septanm 2021 sa. Klike sou lyen sa pou verifye nòt ou : https://bunexe.work/resultatbac.


Ministè a pibliye anliy rezilta egzamen bakaloreya pou depatman Lwès, Nòdwès, Sant ak Sidès. Pou verifye nòt ou, klike sou lyen sa : https://bunexe.work/resultatbac.


N ap raple, se yon total 124 677 kandida atravè 10 depatman peyi a ki te patisipe nan eprèv ofisyèl bakaloreya yo sòti 26 rive 29 jiyè 2021, daprè responsab Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl yo.


N ap ajoute, pou 124 677 kandida ki te sibi eprèv ofisyèl fen etid segondè yo pami yo 15 885 kandida pou segondè tradisyonèl (filo) epi 108 792 kandida pou segondè renove (NS4). Ministè a te konte 112 606 kandida nouvo ak 12 071 kandida rekale.


Jacky M. Fontaine

TANBOU VERITE

0 comments
bottom of page