Ejip: 19 moun mouri nan yon aksidan tren
Updated: Mar 31, 2021
Nan vil Tahta, nan peyi Ejip, de (2) tren fè kolizyon. Sa ki ta lakoz, daprè responsab yo, 19 moun mouri epi 185 lòt blese.
Nan yon premye tan, minis sante a, Hala Zayed, te di se 32 moun ki mouri men aprè li te vin bese chif sa a paske gen kèk moun yo te di ki mouri men se endispoze yo te endispoze.
Ensidan sa a pwodwi a 365 kilomèt de kapital peyi a.
Yon ankèt deja louvri pou konnen prensipal koz aksidan sa a. Prezidan ejipsyen an, Abdul Fattah Al-Sissi, pwomèt yap pini responsab yo «sevèman».