crossorigin="anonymous">
top of page

Gadkot ameriken arete plis pase 100 migran ayisyen

Gad Kòt Ameriken anonse sou Twitter li entèsepte,  Dimanch 12 septanm nan, 104 Ayisyen preske a 18 kilomèt nan zòn ès  kot Biscayne Bay. 


Ayisyen sa yo te abò yon ti vwalye ki te chaje, jan nou kapab wè  nan imaj enstitisyon an afiche sou Twitter. 


Gadkot yo te rive mete men sou migran ayisyen sa yo apre yon bon Samariten te fin rele yo pou aveti yo de prezans mesye dam ayisyen yo. 


Men kisa Enstitisyon an ekri aou Twitter: "Manm ekipaj yo te transfere san danje yon total 104 imigran ayisyen  CGC Richard Etheridge."


"Enstitisyon an fe konnen osito migran yo monte abò bato patwouyè yo,  yo bayo tout manje, dlo, abri ak swen medikal debaz yo. Yo pa rapote okenn pwoblèm medikal."

0 comments
bottom of page