crossorigin="anonymous">
top of page

Goumen pete nan yon avyon akoz plas ranjman


Samdi 10 avril ki sot pase a , yon gwo eskonbrit pete nan yon avyon konpayi Tunisair, enfo sa rive jwenn nou gras ak yon videyo de sèn nan ki ap sikile sou tout rezo yo.


Goumen an pete pandan avyon an ap chaje pou l anbake soti Tunisie ale Turquie. Dapre sa temwen yo rapòte, eskonbrit sa a ta pete akoz plas pou mete valiz yo. Aparaman kèk pasaje ki pa t peye pou plas an plis ta vle mete valiz yo kan mem nan plas lòt sa ki peye yo. Malgre pèsonèl avyon an te vle kalme sa, Lobo pete, kout pwen tire, pil joure nan avyon an ki dire plis ke 4è d tan. Nan eseye kalme zen an, manm pèsonèl yo resevwa kèk fay.


Reprezantan direksyon jeneral konpayi a anlnse ke otorite konpetan yo ap louvri yon ankèt sou dosye a pou pouswiv moun ki koupab yo lajistis. Li souliye ke batay sa a ki dire plis ke 4è d tan an fè konpayi a pèdi yon pil kòb.

0 comments
bottom of page