crossorigin="anonymous">
top of page

Gouvènman an anonse kouvrefe sou tout teritwa nasyonal la

Jounen lendi 24 Me a , Gouvènman repiblik la pibliye yon arete ki dekrete 8 jou ijans sanitè nan tout teritwa peyi a.

Depi semenn pase nou konstate a ki nivo ka kowonaviris yo ap ogmante nan peyi a, anpil moun gentan mouri akoz konplikasyon, anpil lopital gentan paka resevwa malad ankò.



Nan optik sa a prezidan peyi a dekrete yon kouvre fe soti 10è nan lannuit pou rive 5è nan maten. Li anonse tou ke administrasyon piblik yo ap redui a 50%. Kach nen obligatwa nan lye piblik yo, nan batiman piblik ak prive yo y ap enstale pwen pou moun lave men, epi konsève distans 2 mèt la.

0 comments
bottom of page