Inyon jounalis balatibonit yo denonse Komisè gouvènman Sen-Mak la Hugues Sylvain
Nan yon nòt yo mete deyò
UJBA Inyon Jounalis Balatibonit denonse Komisè Hugues Sylvain dapre yo kap fè pèsekisyon politik kont jounalis Dorcey Seide korespondan Radyo Scoop nan rejyon balatibonit la.
TANBOU VERITE ap envitew li not sila.
Nòt
UJBA Inyon jounalis balatibonit
31 mas 2021 doktè Dulensky Souverain Durandisse jwenn lanmò li nan pisin Otèl Stop Ma konstriksyon ki trouvel nan vil Senmak, jou sa a doktè a te akonpanye ak plizyè lòt kamarad . Malgre jij depè ak komisè Gouvènman ki te vi n sou plas kote dram nan te pase a, 2 semèn aprè nou pa tande pèsòn lajistis mande vin devan l, sa pouse laprès lokal kesyone yo sou dosye a Ki sanble ap trennen nan tiwa otorite lajistis yo nan Senmak.
Nan sans sa, nan dat 13 avril 2021, jounalis Seïde Dorcey, nan kad analiz e kesyonman lap fè nan emisyon ke li anime (MOPAM), poze plizyè kad figi sou sikonstans lanmò a e atire atansyon kominote a sou nesesite pou ke lajistis fè limyè sou dosye a. Se nan menm lojik sa, 19 avril 2021 an, kèk jou avan selebrasyon fèt Senmak, pandan yon konferans deprès, jounalis Seïde poze komisè Marc Hugues Sylvain yon kesyon sou avansman dosye a ke komisè a te mal alèz pou l bay esplikasyon.
28 avril 2021 IJBA sezi wè 8 jou aprè konferans de près lan komisè Marc Hugues Sylvain mande jounalis Seïde Dorcey poul prezante nan pakè 3 me kap vini la a e avek band sonò emisyon an li tap anime 13 avril 2021 an sou demand responsab Otel Stop MA, nap pale de Jean Robert Pierre.

Nou tout dakò ke pèsòn pa dwe anlè lalwa, anplis yon jounalis. Men IJBA ap poze tèt li kèk kesyon sou sa ki motive komisè Marc Hugues Sylvain poul obeyi ak responsab Otèl la pandan ke jiska prezan pyes moun pako janm konnen yon arestasyon ki fèt nan kad dosye sa a?Poukisa se jou kap jounen mondyal libète laprès yo komisè Hugues chwazi trennen devan li jounalis la? Kisa ki motive komisè a fèmen zye l sou lòt kolèg ki te akonpaye Durandisse yo ? Sak koz pako janm gen anyen ki di sou sikonstans lanmò jenn gason 27 tan sa a? Poukisa komisè a fèmen zye l sou responsab pisin yo, sekirite yo ak tout lot moun ki te nan espas la nan lè ensidan an? Sak motive komisè a louvri zye l sou jounalis Seïde ki fè yon analiz e kesyone lantè ak fènwa Ki fèt sou lanmò Durandisse? Eske komisè Hugues Sylvain pa wè nesesite poul cheche konnen sikonstans lanmò Dr a?
Ki esplikasyon solid moun ki te arebò pisin nan, moun ki responsab e sekirite espas la bay komisè gouvènman an ki fè tout moun sa yo kontinye nan aktivite yo san gwo kè kase? Kisa ki motive komisè a prese mande konfrè a fok li tou mache bann sonè emisyon an pote pou li? Komisè resezi w nou pap doute men ou konn sa lalwa di sou kesyon bann sonò a.
IJBA jije nòt la patap fini si n kontinye ap poze kesyon, men komisè nap mande w kisa ou vle kache nan lanmò Dr Durandisse nan pisin Stop MA ki fè ou asepte rantre nan plan fèmen bouch jounalis ak entimide yo?
Nou menm IJBA (Inyon jounalis balatibonite) nou konnen jounalis Ayisyen fè fas ak sityasyon sa yo deja, se pa jodia gwo zotobre , nèg ki nan pouvwa ap itilize enflyans yo pou yo mete baboukèt nan bouch jounalis yo. Nou konnen feblès jistis la, nou konnen otorite jidisyè yo toujou sede ak gwo zouzoun Pou tante fèmen bouch jounalis lè nou raple n Jean Dominique, Jacques Roche, Vladimir Le Gagneur pou n site sa yo sèlman nap konprann konpòtman anpil otorite jidisyè yo fas ak jounalis yo pou yo pa janm jwenn jistis.
IJBA( Inyon jounalis Balatibonit) pran trè oserye envitasyon komisè Gouvènman kont konfrè jounalis Seïde Dorcey. Nap pwofite raple Komisè Marc Hugues Sylvain ke wol li se mete aksyon piblik an mouvman kòm chèf pouswit men li pa dwe fèt yon bò pifò e nap atire atansyon ministè lajistis ak opinyon piblik nasyonal e entènasyonal ak tout anbasad yo tankou (etazini, kanada, frans ak tout lot yo) e ak kò gwoup la sou fonktyonman komisè Marc Hugues Sylvain nan jiridiksyon Senmak la. sou kanpay entimidasyon e operasyon fèman bouch jounalis anba lonbraj gwo zouzoun nan jiridiksyon an.
Yon lòt fwa ankò, tout manb IJBA renouvle solidarite yo ak konfrè jounalis Seïde Dorcey e nap deplase ak tout mikwo nou e kamera nou pou na l kouvri evenmevenmanan sa a nan pakè Sen Mak nan jounen mondyal libète laprès la 3 me 2021 an. An men m tan IJBA remèt vi konfrè jounalis Seïde Dorcey nan men komisè Marc Hugues Sylvain ak mesye Jean Robert Pierre.
IJBA (Inyon Jounalis Balatibonit)
30 Avril 2021, Sen Mak.