crossorigin="anonymous">
top of page

Joseph Lambert regrèt disparisyon Jean Gabriel Fortuné

Prezidan Sena Repiblik la Joseph Lambert eksprime pwofon doulè li aprè lanmò brital ansyen senatè Jean Gabriel Fortuné, samdi 14 dawout 2021 la anba dekonb otèl Le Manguier aprè pasaj tranbleman tè, ak mayitid 7,2 a. Nan yon nòt pou laprès senatè Sidès la pale konsa : "Prezidan sena Repiblik la eksprime doulè li epitou doulè Asanble Senatè yo fas ak disparisyon trajik pandan tranbleman tè samdi 14 dawout la, Jean Gabriel Fortuné ak Laurent Batista alyas Téma ki se de (2) gran sèvitè Leta ki te orijinè Gran Sid la". Senatè Joseph Lambert ajoute pou di se yon gwo pèt ki pral kite yon vid ki difisil pou konble. Òm politik la pwofite pou prezante senpati l ak popilasyon an nan depatman Sid, Grandans ak Nip epi ak paran, fanmi viktim yo. Joseph Lambert ki gen ti non Animal Politik te gentan sòti yon twit tousuit aprè tranbleman tè a fin pase : "Samdi 14 dawout 2021 sa, tè Ayiti a tranble. Dega yo enpòtan nan Gran Sid. Mwen gen yon panse espesyal pou tout viktim dirèk. M ap fè apèl ak sèvis pwoteksyon sivil". Jacky M. Fontaine TANBOU VERITE

0 comments
bottom of page