crossorigin="anonymous">
top of page

Kowonaviris: selon yon etid se plis gason ki transmèt maladi a

Mete sou pi gwo chans yo genyen pou yo genyen yon covid-19 grav epi mouri, gason yo toujou enfekte avan e, nan ka sa a, se yo menm ki prensipal sous transmisyon viris ki bay kowona a.


Se sa yon gwoup syantifik CEGH-CEL (Centre d'étude du génome humain et des cellules souches) sigjere apati yon ankèt epidemyolojik.


Yo te pibliye rezilta travay yo a sou platfòm medRxiv. Mayana Zatz, kowòdonatè CEGH-CEL la, eksplike :« Dekouvèt sa kore epi li konfòm ak dekouvèt nou te fè nan rechèch nou te mennen dènye tan sa yo ki te te deja montre se plis gason ki transmèt kowonaviris la».


Nan kòmansman mwa out la, chèchè sant lan te pibliye yon etid nan revi Diagnostics ki te chita sou yon tès pou detekte viris ki bay kowona a nan saliv. Rezilta yo te montre gason yo gen yon ”charge virale" ki 10 fwa plis elve pase fi yo.


Zatz te kanpe dèyè dènye rechèch sa a pou li deklare:«Pwiske se sitou nan saliv viris la transmèt, nou konkli sa ta eksplike poukisa gason yo transmèt plis viris pase fanm».


Anplis obsèvasyon sa a, chèchè a te kòmanse tande rapò kèk koup - pami yo kèk tou de moun yo se medsen - kote ladan yo fi a trape viris la epi prezante kèk sentòm lejè alòske gason an li menm pa montre okenn siy maladi a. Kèk mwa aprè, gason an trape maladi a aprè l' fin gen kontak ak kèk lòt gason ki te malad. Dènye rapò sa yo ranfòse teyori ki fè kwè se gason ki plis transmèt kowonaviris la.

0 comments
bottom of page