crossorigin="anonymous">
 

Lafrans pral voye yon dezyèm estati Libète bay Etazini

135 lane apre inogirasyon premye estati Libète a, Etazini ap pare pou li resevwa nan men fransè yo yon lòt estati Libète nan okazyon fèt nasyonal 4 jiyè a.



Estati sa a kap debake New York ap gen pou li kite pò Le Havre la nan date 7 jen kap vini la a.

Daprè Philippe Etienne, anbasadè fransè a Ozetazini, lide sa a vini aprè yon rankont li te genyen an 2019 ak Olivier Faron ki se administratè jeneral Konsèvatwa nasyonal a ak metye an Frans. Diplomat la eksplike yo te vle relanse moso listwa sa a ant 2 peyi yo e estati sa a se alafwa senbòl libète ak akèy.


Lafrans ap oufri ameriken estati sa a pou yo onore sila yo nan tou de peyi yo ki te pèmèt reyalizasyon premye estati a e ki te goumen pou sa li reprezante nan tout mond lan jodi a.


Yap akeyi dezyèm estati sa a kap mezire 2,83 mèt sou Ellis Island kote ki genyen mize nasyonal ameriken imigrasyon an.

Aprè sa yo prale ak li Washington kote yap enstale l’ nan lakou anbasad Frans lan. Daprè Philippe Etienne, tout moun kap pase ap ka wè l’ menm si lap pi piti ke ansyen an.


Estati sa a ap rete Ozetazini pandan 10 lane. Se pou kantite tan sa a Konsèvatwa a prete Quai d'Orsay estati a ki ap tounen an Frans aprè.


Premye estati Libète a ki mezire anviwon 93 mèt se yon reyalizasyon Eugène Viollet-le-Duc, Gustave Eiffel ak Auguste Bartholdi. Menm si li te inogire an 1886, men Lafrans te ofri Etazini l’ nan okazyon selebrasyon 100 lane endepandans yo (4 jiyè 1776).

0 comments