
Lanmò Dr Paul Farmer fondadè Partners in Health Ayiti

Tris nouvèl pou zanmi lasante , Ayè lendi 21 fevriye 2022 a Dr Paul Farmer fondadè(Partners in Health) mouri nan peyi Rwanda a laj 62 lane anonse pa Partners in Health ki an Ayiti. Paul Farmer mouri yon fason ke pèsòn pat atann, li dòmi li pa leve selon òganizasyon an. Repoze an pè Dr Paul Farmer
Pou kesyon salè minimum nan enfòmasyon yo evolye aprè dezizyon gouvènman an te pran pou te fikse yon salè minimum ki enferyè ak demand ouvriye sila yo , 3 jou manifestasyon anonse pou 23, 24 ak 25 fevriye k ap vini la pou yo kontinye sou menm lanse a, ki se reklamasyon 1500 gdes kòm salè minimum yo.
Yon ti rapèl sou pri Gouvènman Repiblik la te fikse ayè 21 fevriye a pou diferan Segman yo
Segman A 770 goud
Segman B 615 goud
Segman C 540 goud
Segman E 350 goud