Masak nan Site Solèy, plizyè moun viktim
Yon nouvo kanaj nan Site Solèy maten lendi 26 avril 2021 an kote 3 moun mouri pami yo 1 fanm ansant ak 7 moun blese, daprè sa jounal 'Le Nouvelliste' rapòte.
Se batay ant 2 gwoup gang ki lakòz moun sila yo viktim yon lòt fwa. Gang Boston ki genyen Iscart kòm chèf li ak gang ki genyen Ti Gabriel kòm chèf li k ap afwonte dènye jou sa yo nan Site Solèy.
Yon adolesan ki ansent rive pèdi lavi l nan lopital 'Sainte-Catherine de Laboure' nan Site Solèy nan kanaj sa aprè nèg ak zam ki nan gang Boston vize ak tire sou yon 'tap-tap' nan maten lendi 26 avril la, daprè sa pi ansyen kotidyen peyi a fè konnen.
Jacky M. Fontaine
TANBOU VERITE