crossorigin="anonymous">
top of page

Melchie Daëlle Dumornay eli pami 10 meyè jenn jwez nan mond lan

Updated: Apr 4, 2021


Ayiti. Foutbòl feminen. Pou yon dezyèm fwa yonn dèyè lòt, jwez ayisyèn nan ki fè pati seleksyon U20 an, Melchie Daëlle Dumornay ki gen non Corventina eli pami 10 meyè jenn jwez nan mond lan, repete GOAL ki se yon magazin espòtif, madi 23 mas 2021 sa.


Melchie Daëlle Dumornay se yon jenn jwez ayisyèn ki boure ak talan. Melchie se orijinè Mibalè ki twouve l nan depatman sant peyi Dayiti.


Jacky Médé Fontaine

TANBOU VERITE

0 comments
bottom of page