Men rezilta 8è jounen Chanpyona Nasyonal Foutbòl la
8è jounen Seri Kloti Chanpyona Ayisyen Foutbòl la pou Sezon 2020/2021 an te orandevou 23 ak 24 me 2021 an. Men rezilta 8è jounen Chanpyona Nasyonal Maskilen/Premyè Divizyon:

Dimanch 23 Me 2021
- Land des Gabions : Juventus FC 2-1 Real Hope FA
- Parc Vincent : Racing FC 0-0 AS Capoise
- Parc Mercinus Deslouches : Triomphe AC 1-1 Ouanaminthe FC
- Stade Sylvio Cator : Racing Club Haïtien 1-1 AS Mirebalais
- Parc Félix Saint-Victor : FICA 0-0 Violette AC
- Parc Antoine Levelt : Tempête FC 1-1 Baltimore SC.
Lendi 24 Me 2021
- Parc Antoine Levelt : Arcahaie FC vs America FC
- Parc Louis Lamartinière : US Rivartibonitienne vs Don Bosco FC
- Stade Sylvio Cator : (Date à déterminer) : Cosmopolites SC vs Cavaly AS.
Pandan jounen sila, dèbi senmakwa te nan pwogram nan : Tempête FC vs Baltimore SC, yon match ki fini nil (1-1).
N ap fè konnen, match US Rivartibonitienne vs Don Bosco FC a ap jwe mèkredi 26 me sa epi Arcahaie FC vs America FC a ap jwe nan jedi 27 me 2021.
Jacky M. Fontaine
TANBOU VERITE