crossorigin="anonymous">
top of page

Ministè Edikasyon Nasyonal la repòte egzamen ofisyèl 9yèm AF, ENI, CEF

Plis pase 24 è depi asasina prezidan peyi a, Jovenel Moise, gwo tèt nan leta yo pran plizyè mezi ki nan kad sitiyasyon n ap viv la.



Youn nan mezi yo se repòte egzamen ofisyèl pou klas 9yèm ane fondamantal.

Dapre enspektè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal la, Jackson Pléteau, egzamen 9yèm AF ki te prevwa fèt soti lendi 12 rive mèkredi 14 jiyè 2021 an repòte pou lendi 19 rive mèkredi 21 Jiyè 2021.

Pou egzamen ENI, CEF nouvo dat la se 19 au 23 jiyè 2021.


Kanta pou egzamen filo a, sa nou rele bakaloreya a, li menm dat li pa chanje. Li toujou ap fèt soti 26 rive 29 jiyè 2021.

Dat eprèv fransè pou NS3 a toujou kenbe : 30 jiyè 2021.

0 comments
bottom of page