crossorigin="anonymous">
top of page

Nèg ak zam atake plis baz lapolis nan komin Site Solèy

Depi kèk tan, yon vag ensekirite ap sakaje peyi a. Kidnapin, asasina, chak jou se dlo nan je. Si lontan se popilasyon nan zòn defavorize ki te plis ekspoze, jodi a pèsòn pa alabri.



Tout sektè pran ti frap pa yo. E dènye sektè ensekirite a frape pòt li se Lapolis.


Lannwit samdi pou rive dimanch lan, Lapolis nan Site Solèy pase move moman anba nèg ak zam.


Nan yon lèt li voye Direksyon Depatmantal Lwès la (DDO), Shatner Jean, responsab komisarya Site Solèy la, drese yon bilan divès atak lapolis sibi nan pi gwo bidonvil peyi a.


Nan lèt sa a, komisè a revele nèg ak zam atake 4 baz lapolis genyen nan komin nan (Duvivier, Drouillard, Sierra 2 ak Estasyon Gonayiv).


Pandan atak sa yo Fedlin Luc blese, pou kounye a lap pran, epi responsab Drouillard la, enspektè divizyonè Myradel Adolphe, tonbe anba ba l'.


Bandi ki fè atak sa yo pote ale tout zam ak radyo kominikasyon yo.


Yon lòt kote, rimè kap sikile fè konnen yo ta atake tou APN ak sou-komisarya Pòtay Sen Jozèf. Nan dènye baz sa a, sanble plizyè polisye pèdi lavi yo

0 comments
bottom of page