crossorigin="anonymous">
top of page

Nader Joicéus, Minis MTPTC a, vizite divès chantye nan latibonit

Nader Joicéus, Minis MTPTC a, vizite divès chantye nan latibonit


Jounen madi 13 Jiyè 2021 an, yon delegasyon ki gen nan Tèt li minis MTPTC Nader Joiceus al gade avansman konstriksyon pon abriko nan 4e seksyon Sen-Mak.



Pon abriko nan 4e seksyon genyen plizyè ane depi li kraze sa ki lakoz se nan gwo difikilite moun kap viv nan seksyon sa pou yo vin nan sant vil Sen-Mak, nan pasaj prezidan Jovenel Moise nan ane 2020 lite pwomèt reyalizasyon plizyè twonson wout ak rekonstriksyon plizyè pami yo pon Abriko a.


Kèk nan travay sa yo kite kanpe rekomanse tankou pon abriko a.


Minis Nader te tou pwofite vizite santral idro-elektrik Ponsonde a. Nap raple nan kad pwogram kouran 24 sou 24 Jovenel te toujou ap pale a travay reparasyon yo te tanmen pou rive alimante plizyè zòn nan komin lyankou,tirivye ak Sen-Mak.


Nan okazyon vizit sa a, minis Nader Joiceus deklare menmsi yo asasinen prezidan Jovenel Moise men travay lite komanse ak prezidan an ap kontinye.


                                              





 

TANBOU VERITE  

DANIO DANIEL                          

daniodaniel063@gmail.com

0 comments
bottom of page