Nan peyi Algérie lapolis vyole yon ti gason 15 lane
Nan vil Alger, kapital peyi Algérie, lapolis vyole yon jèn gason 15 lane.
Lapolis te arete Saïd Chetouane samdi 3 avril la nan yon manifestasyon mouvman Hirak la te òganize.
Nan Yon videyo kap sikile sou twitter nou ka wè jèn gason an kap kriye pandan yap eseye rekonfòte l'.
Vyol sou jèn gason sa a se pa premye zak konsa fòs lòd yo komèt nan peyi a. Kèk semèn avan, lame a te arete epi vyole yon etidyan nan yon kazèn.