NAP MACHE POU LAVI envite aktè politik yo nan yon chita pale istorik Pou sòti peyi a nan sitiyasyon
Nan yon nòt ki pibliye jodi 2 out la, NAP MACHE POU LAVI, envite tout aktè politik yo, nan yon sousi pou konble vid asasina kite fèt sou ansyen Prezidan Jovenel Moise nan dat 6 pou bout 7 Jiyè pase a kite nan tèt peyi a, nan yon chita pale istorik epi enklizif Pou sòti peyi a nan sitiyasyon kriz sa.
NAP MACHE POU LAVI nan nòt sila raple plizyè chita pale kite fèt soti mwa novanm 2019 pou rive jodi a, pami yo Akò Mariotte, Kinam, Montana, pa ede aktè yo konprann anje kriz politik la vreman. Estrikti sila di li pran not de tout pwopozisyon plizye gwoup nan sosyete sivil la ak pati politik yo ap fe aprè lanmò prezidan Jovenel la. Men malerezman aktè sila yo pa janm rive ofri pèp la yon altènativ Konsansyèl, klè epi rezonab.
Toujou selon nòt sila, ta sanble aktè sa yo plis anvi akapare pouvwa o detriman de enterè pèp la olye yo pote yon solisyon tout bon vre ak kriz peyi a ap fe fas la.
Yon lòt bò, Nap mache pou lavi di li kwè soyete sivil la, pati politik yo tout aktè yo dwe mete yon kote tout enterè pèsonèl epi kite chak moun dwè jwe wòl yo, Pou jwenn yon solisyon ak kriz la. Dayè, pou estrikti sila ki reyini plizye lòt asosyasyon, bon jan tranzisyon demokratik nou bezwen an paka fèt san konplemantarite sosyete sivil la ak pati politik yo.
Nan sans sa, Nap mache pou lavi ankouraje aktè yo angaje yon diskisyon istorik epi enklizif pou jwenn yon solisyon ak kriz la prese prese. Anplis de sa, li envite aktè yo pou yo fè prèv senserite ak sans responsablite pou rive soti Ayiti nan kriz sa.
Moun ki siyen nòt sa.
Georges Wilbert GRREUDI.
UNOEH NOUVLE VIV
Arnold Antonin Kedna Dérival
SOSYETE SIVIL AVOKA
Emmanuel Berlemaire Samedi Siméon
Sektè Sante INIBAZ
Robens Pierre Louis Gedéon Jean
AVOKA GARDH
Gérald François Rachèl Jean Michèl
DANIO DANIEL TANBOU VERITE
daniodaniel063@gmail.com