crossorigin="anonymous">
top of page

Ostrali: Yon videyo montre plizyè manb gouvènman an kap fè bagay nan palman an

Updated: Aug 5, 2021


Pouvwa egzekitif la nan gwo tèt chaje jodi madi 23 mas la aprè piblikasyon kèk videyo ki montre kèk gwo palto nan gouvènman an kap fè bagay nan palman an.


Nan youn ladan yo nou ka wè yon fonksyonè kap mastibe (bat laponyèt) nan biwo yon depite.


Aprè piblikasyon videyo sa yo, premye minis lan, Scott Morrison, deklare sa se yon konpòtman «scandaleux».


Videyo sa yo vini nan moman kote anpil vwa ap kritike premye minis pou fason li trete dosye yon eskandal seksyèl ki konsène yon fonskyonè ak yon ansyen kòlèg.


Foto ak vidyeo sa yo pran lari aprè kèk fonksyonè ta fin pataje yo nan yon diskisyon sou yon gwoup.

0 comments
bottom of page