crossorigin="anonymous">
top of page

Pentagone anile pwojè konstriksyon mi sou fwontyè Etazini-Meksik la


Pentagone anonse jounen vandredi 30 avril la li anile pwojè konstriksyon miray sou fwontyè Etazini-Meksik la ki tap fèt ak lajan militè yo.


Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, te bay lòd pou yo detounen plizyè milya dola nan lajan Pentagone lan pou finanse konstriksyon an apre kongrè a te refize bay lajan pou sa.


Aprè envestiti l’ nan mwa janvye pase a, prezidan Joe Biden te anonse konstriksyon an kanpe.

Pòtpawòl adjwen Pentagone nan, Jamal Brown, deklare: "Konfòmeman ak pwoklamasyon prezidan an, Ministè Defans lan ap anile tout pwojè konstriksyon mi sou fwontyè yo ki finanse ak lajan kit e destine pou lòt misyon militè”.

Brown fè konnen Ministè Defans lan "te kòmanse pran tout mezi ki nesesè pou anile pwojè konstriksyon mi sou fwontyè yo".


Pi lwen, li declare :"Aksyon jodi a reflete angajman san rete administrasyon sa a pou defann nasyon nou an epi sipòte militè nou yo ak fanmi yo."


Trump te lanse kanpay prezidansyèl li an 2015 ak yon angajman pou bati yon miray sou fwontyè Etazini ak Meksik epi pou fè Meksik peye pou li.

Meksik te refize e Chanm Reprezantan an te fè sa tou apre Demokrat yo te fin pran kontwòl li an 2018.


Trump finalman te inyore Kongrè a epi foure men l’ nan lajan Pentagone nan pou li reyalize pwojè a.

0 comments
bottom of page