crossorigin="anonymous">
top of page

Plizyè jèb flè ak bouji depoze nan memwa Prezidan Jovenel Moise 

Updated: Jul 20, 2021

. .

Plizyè sitwayen te deside jodi 14 jiyè 2021, rann omaj a prezidan Jovenel Moïse. Nan sans sa yo te depoze plizyè jèb flè ak bouji anfas palè nasyonal. 


Prezidan Jovenel Moïse te mouri asasinen jou ki te 7 jiyè 2021 lakay li pèleren 5. Madanm li, Martine Moïse te soyi gravman blese nan kad atak sa. 

Nap raple premye minis a.i a, Claude Joseph te prezante, ayè 13 jiyè 2021 an, manm komite ki gen pou òganize fineray Prezidan Jovenel Moïse. Komite sa genyen 7 manm, pami yo, premye minis a.i a Claude Joseph, minis kilti a, Pradel Henriquez ak minis enteryè a Louis Gonzague Edner Day.


@TANBOU VERITE








. .

0 comments
bottom of page