crossorigin="anonymous">
top of page

Polisye Daniel Blanc mouri

Polisye Daniel Blanc yo te kidnape lendi 30 dawout la nan ri Makajou mouri, daprè enfòmasyon frè li Marckenson Blanc konfime.


Marckenson Blanc fè konnen se yonn nan kouzen l yo ki wè foto polisye Daniel Blanc dekapite. Zak sa daprè enfòmasyon yo se ta gang <<Krache Dife>> ki fè li.


N ap raple, nèg ak zam te kidnape polisye Daniel Blanc ki fè pati 26èm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a pandan li te twouve l nan yon kamyonèt nan ri Makajou pandan li ta pral travay nan zòn Kanaan, lendi 30 dawout 2021 an.


Jacky M. Fontaine

TANBOU VERITE

0 comments
bottom of page