Politik : Rekòmandasyon Prezidan sena a PM Ariel Henry

An Ayiti bagay yo ap anpire de jou an jou, bwa a mare Pou nou tout kote. Ayè lendi 7 fevriye a Prezidan 1/3 sena a Joseph Lambert mande ak PM Ariel Henry poul jere ti bagay lejè yo e pou l pa angaje leta sou projè a lontèm yo apati de minit sa yo.
Joseph Lambert anonse ke Sena ap konvoke yon konferans konsansis, bò kote pa PM Ariel Henry li fè Konnen pa gen moun ki gen otorite Pou yo reyini yon gwoup moun nan yon otèl pou yo chwazi Prezidan ak yon Premye minis. Li pwofite okazyon an poul rann omaj ak prezidan Jovenel Moïse e touche pwen sa ki se reta ki genyen nan arejistreman ankèt la.
Li anonse ke gen plizyè peyi ki prè Pou bay asistans yo nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la ak mèt Dorval.