Premye minis Ariel Henry chita ak plizyè reprezantan pati politik sou sitiyasyon aprè tranblemann tè
Premye minis Ariel Henry rankontre plizyè reprezantan pati polik, mekredi 18 out 2021 la, nan lide pou diskite sou sitiyasyon "aprè tranblemann tè a" epi sou kijan, ansanm yo ka rive mete an plas kèk mekanis pou kapab pi byen kòdone èd ak aksyon gouvènman an.
Plizyè reprezantan sèktè demokratik popilè a ( SDP) , (MTV) mouvman twazyèm vwa, DIRPOD, ak pati politik INITE te reponn prezan nan rankont sila ki, daprè chèf gouvènman, ap ede jwenn yon mwayen pou pi byen fè fas ak kriz peyi a ap konnen nan denye tan sa yo.
Nan yon twit li fè Ariel Henry deklare : "pou nou, pati politik yo se aktè kle nan amelyorasyon kondisyon sosyo ekonomik peyi a pou yon meyè kalite vi epi pou remete sou pye viv ansanm ayisyen an, nan bon jan aksyon solidarite ak fratenite yap poze."
Danio Tanbou verite