crossorigin="anonymous">
top of page

Prezidan Surinam nan mande Caricom pou li ede Ayiti

«Caricom dwe fè tout sa l' kapab pou li ede eta manb li Ayiti", se deklarasyon sa a prezidan Chandrikapersad Santokhi fè nan mitan semèn nan vil Georgetown, nan peyi Guyana pandan yon rankont ak sekretè jeneral tou nèf òganizasyon an, Carla Barnett.


Prezidan Santokhi ki ap fè yon vizit travay kap dire plizyè jou nan Guyana fè konnen Caricom dwe pran tout dispozisyon pou li ede Ayiti fè fas ak dedi lap konfwonte yo. Li mande tou pou Caricom travay ak lòt òganizasyon nan emisfè oksidantal la ak lòt patnè entènasyonal pou yo rive garanti respè demokrasi a, enstitisyon demokratik yo ak etadedwa nan peyi a.


Kote pa l sekretè jeneral la reyaji pou li di li dakò ak prezidan Surinam nan sou lide ki fè kwè Ayiti se yon priyorite pou Caricom nan e li dekri sa ayisyen yo ap viv kòm "douloure".


Sekretè jeneral la enfòme prezidan Ajans Karayibeyèn pou Jesyon Ijans nan ka Katastwòf la (CDEMA) deja ap diskite ak omològ li an Ayiti pou ede lavi reprann nan peyi a. Li dakò tou ak lòt priyorite prezidan Santokhi idantifye yo tankou batay kont pandemi kowona viris la, nesesite pou vaksinen popilasyon an, relans ekonomik peyi a ak chanjman klimatik.


Ayiti te entegre Caricom kòm manm pwovizyonèl nan dat 4 jiyè 1998 men li te vin manm tout an 2002. Caricom nan te mete Ayiti sou kote an 2004 paske yo te refize rekonèt gouvènman tranzisyon an ki te gen nan tèt li Alexandre Boniface ak Gérard Latortue. Òganizasyon an ta pral reyentegre Ayiti an 2006 aprè eleksyon ki te mete René Préval nan tèt peyi a.

0 comments
bottom of page