crossorigin="anonymous">
top of page

Reyaksyon kèk gwo tèt nan entènasyonal la sou asasina Jovenel Moïse

Anpil gwo zotobre nan kominote entènasyonal la reyaji pa rapò ak zak asasina sa a, sitou sou rezo sosyal "Twitter".

Joe Biden: "Nou sezi epi nou te atriste lè nou aprann asasina terib Prezidan Jovenel Moïse ak atak ki fèt sou Premyè Dam peyi d Ayiti a Martine Moïse. Nou kondane zak abominab sa a, epi mwen voye swè sensè retablisman pou Premyè Dam Martine Moïse. Etazini prezante kondoleyans li bay pèp ayisyen an epi nou pare pou bay tout èd nou nan kontinye travay pou yon Ayiti ki san danje epi ki gen sekirite."


Josep Borrell, chèf diplomasi UE: "Asasina prezidan ayisyen an Jovenel Moïse choke nou [...]krim sa antrene yon risk pou gen enstabilite ak yon spiral vyolans nan peyi a."


Luis Abinader, Prezidan Repiblik Dominikèn: "Nou regrèt e kondane asasina prezidan ayisyen Jovenel Moyiz ak madanm li Martine Moïse. Krim sa pote atent ak lòd demokratik an Ayiti ak tout rejyon an."


Jean-Yves Le Drian: " Mwen kondane ak tout fòs mwen asasina lach sa a. Tout limyè dwe fèt sou krim sa a ki entèvni nan klima politik ak sekiritè ki te deja degrade a."


Boris Johnson, premye minis britanik la : "lanmò prezidan Jovenel Moïse chokem e atriste m. Se yon zak ki lèd, e mwen mande pou nou kalme nou [...]"

0 comments
bottom of page