Risi: Alexey Navalny kòmanse yon grèv grangou
Alexey Navalny, prensipal opozan a rejim Vladimir Poutine nan, anonse lap kòmanse yon grèv grangou pou l' pwoteste kont dirijan prizon yo ki refize ba li aksè a swen li bezwen.
Nan yon mesaj ekip li a pataje sou Enstagram, Navalny plenyen paske responsab yo pa kite l' jwenn ni medsen ni medikaman. Nan menm mesaj la li evoke Yon doulè li genyen nan do ki, kounye a, desann nan janm li ki lakoz kèk pati nan janm yo mouri.
Nan yon lèt maniskri li voye bay responsab prizon yo li enfòme yo lap kòmanse yon grèv grangou.
Semèn pase, youn nan avoka Navalny yo te di l' gen gwo doulè nan do ki anpeche l' mache. Navalny li menm te denonse responsab ki reveye 8 fwa chak nwit sa ki anpeche l' dòmi.
Nan lide pou kore Navalny, yon gwoup medsen te lanse yon petisyon anliy pou fòse otorite yo bay lidè opozisyon an otorizasyon pou yon medsen ki sòti deyò vin swaye l' nan prizon an. Men responsab yo pa wè l' konsa. Okontrè, yo menm estime Navalny jwenn tout swen li gen bezwen.
Mwa out pase Navalny te manke mouri aprè yo te fin ba li pwazon. Se nan peyi Almay li te al pran swen pandan 5 mwa.