SDP mande pou administrasyon Biden lan kanpe sou rapatriman migran Ayisyen yo
Sektè Demokratik ak Popilè a, nan yon kominike li pibliye lendi 20 septanm 2021 an, mande pou administrasyon Biden lan trete dosye migran Ayisyen yo nan respè lalwa ak konvansyon yo.
SDP ki sanble solidarize l ak plizyè santèn ayisyen ki te twouve yo sou fwontyè ki separe Meksik ak Etazini, zòn rivyè Del Rio, kote otorite peyi Etazini kòmanse depòte depi dimanch 19 septanm nan, plizyè santèn ayisyen, mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman Ayisyen yo.
Sektè Demokratik ak Popilè a, nan kominike sa, mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou depòtasyon an pou penmèt otorite yo gade dosye yo jan jan lalwa ak prensip mande sa, pandan yap teni kont tout pwomès Prezidan Joe Biden te fè resòtisan Ayisyen yo.
SDP ki di li choke anpil devan sitiyasyon sa epi mande popilasyon an pou fè solidarite ak sè ak frè yo ki nan sitiyasyon espesyal sa, kwè rezon ki fè Ayisyen ap kite peyi yo se konsekans absans plan ak pwogram relèvman aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la.
Daprè Sektè Demokratik ak Popilè a, yon lòt rezon ki fè Ayisyen kite peyi yo "se konsekans 10 lane koripsyon, ensekirite, gaspiyaj lajan, gangsterizasyon ak move gouvènans rejim PHTK."
Bò kote pa l, INIFÒS di li kondane ak tout fòs li tretman sa li kalifye degradan, otorite amerikèn yo bay ayisyen ak lòt nasyon sou fwontyè Etazini-Meksik. INIFÒS mande pou gouvènman Ariel Henry a pou kontinye dyaloge ak otorite imigrasyon yo pou kanpe sou sa li jije kòm vyolasyon akò ak konvansyon ki garanti pwoteksyon sou refijye.
Depi dimanch 19 septanm 2021, otorite nan peyi Etazini kòmanse rapatriye plizyè santèn Ayisyen ki te twouve yo sou fwontyè Etazini-Meksik. Daprè Direktè Jeneral ONM nan, senk (5) vòl deja fèt epi otorite amerikèn yo deja rapatriye 560 Ayisyen.
Jacky M. Fontaine
TANBOU VERITE