crossorigin="anonymous">
top of page

Selon kèk syantifik, Bresil paka kontwole epidemi an ankò

27 mas ki sot pase a, jounal Folha nan peyi Bresil pibliye yon atik sou kesyon kowonaviris nan peyi a, dapre atik la, ki ekri pa medsen ki pi popilè o Bresil, Drauzio Varella, pa gen okenn kontwòl sou epidemi an, se chak moun ki pou veye sou tèt yo.

Syantifik yo anrejistre 92 varyan kowonaviris la nan peyi Bresil, sa ki pi redoutab la se varyan amazonyen an ke yo rele P1.

Selon yon epidemyolojis sistèm sante nan peyi a efondre tout kout kote, nan tout vil, menm vil Sao Paulo ki se kapital ekonomik peyi a, li pa konnen si l ap ka kanpe apresa. Pifò kote ki gen swen entansif yo prèske fin plen nan 17 eta, nan rès yo lopital yo len a 80 oswa 85 pousan, e sa konn rive ke gen de malad ki konn mouri nan tann kabann. Simityè yo ouvri lajounen kou lannuit, e yo fouye 600 tonb chak jou. Bis ki te konn transpòte elèv lekòl yo, nan moman kriz sa a se mò li transpòte pou al antere.


Depi lè epidemi an deklanche, Brezil pa sispann konte viktim (anviwon 340 000 moun ki trape maladi a), sèlman pou mwa Mas la, 66 800 moun mouri, anviwon 2 fwa kantite mwa Fevriye a. E poutan Inivèsite Washington lan prevwa ke pou mwa davril la kantite moun ki ka mouri ak maladi a, si anyen pa fèt an konsekans, ka anviwon 100 000, (a note ke sèlman pou premye semèn mwa davril la yo gentan resanse plis pase 15 000 moun ki mouri).

0 comments
bottom of page