Sitiyasyon sanitè nan Brezil prèske enkontwolab
Fondasyon Oswal Cruz nan Rio de Janeiro na peyi Brezil fè yon etid sou kantite ak kalite varyan kowonaviris la nan Brezil, dapre etid lan gen 92 varyan diferan k ap sikile sou tèritwa brezilyen a, men sèlman 3 ladan yo ki merite plis atansyon : P2 a ki te premye parèt Rio de Janeiro, P1 a ki te premye parèt Manaus, ak varyan ki soti an Angletè a.
Varyan P1 an se li ki plis danjere e se li menm 70 pousan moun yo trape. Tank moun yo ap kontamine se tank viris la ap sibi mitasyon, se tank l ap ogmante e se tank lap pi danjere.
Si anyen pa fèt pou stope sa, Brezil ap vin peyi ki ap fabrike varyan yo natirèlman, e li ap pwopaje l nan tout mond lan.
Varyan P1 an gentan blayi kò l nan 35 peyi tankou, Japon, Paraguay, Chili, Argentine, Uruguay...
Piske pa gen okennn desizyon ki pran o nivo nasyonal, chak eta yo ap trete pwoblèm lan nan fason pa yo. E gen kèk eta ki kòmanse depase pa sitiyasyon an. Ata timoun yo touche pa varyan P1 an, men pa anpil menm jan ak granmoun yo.
Nap raple ke varyan P1 an pi kontajye e pi enfektye ke varyan inisyal la, li reyini karakteristik varyan anglè a ak sa ki soti nan sid Afrik la, nan plizyè ka, li reziste a vaksen an, sa vle di menm moun ki vaksine ka pran l. E si yo kite l rive nan mond lan nèt, epidemi an pral pi grav ke tout sa nou te konnen deja.