Tanmen gen gaz nan Sen-Mak

Depi plizyè jou peyi dayiti ap fè fas ak yon gwo rate gaz sitiyasyon sila ki gen gwo enpak prèske sou tout aktivite nan peyi a.
Nan depatman latibonit se prèske menm pwoblem sa kite lakoz chofè moto ak machin tap achte galon gaz
(750gds) nan men moun kap vann atè, rate gaz sila te lakoz tou kous machin ak moto yo monte byen wo pou jounen mekredi 23 jen 2021 an,
Nou konstate anba anpil ponp gaz chofè moto ak machin nan liy pou al achte gaz.
Sitwayen toupatou kontinye ap plenyen pou pwoblèm gaz prèske chak tan nan peyi a, gen anpil moun ki estime
dosye gaz la leta ak sektè prive a, dwè fè tout sak depan de yo pou rive rezoud pwoblem sa nan peyi a,
Paske lè pa gen gaz li prèske kokobe
tout aktivite nan peyi a.
nap soulinye
Nan jiridiksyon Sen-Mak Komisè gouvènman pakè Sen-Mak la Moise Déristin ak, lapolis te mennen yon operasyon nan komin Vèrèt ak lyankou
Kote lapolis te pran plizyè galon gaz nan men mèt ponp kap fè mache nwa.
DANIEL DANIEL
TANBOU VERITE
daniodaniel063@gmail.com